The Lodge
VriLogo

Crisis Line:
(305) 693-0232

To leave this website now: ESCAPE

Web Safety Notice

  Volontè Don Kounye a
 

Pwogram Volontè

Lojman-an akeyi tout kalite moun, ki sòti nan tout jan de milye ak diferan abilite pou anrichi pwogram nou-an. Rèv nou se ke sèvis nou va deklanche chanjman nan la sosyete lè nou potè fòs kouraj nou e vwa nou pou viktim vyolans domestik, vyol e agresyon seksyèl. Se yon yon bi ke nou akonpli ak patisipasyon kominote nou – ou menm – nan pwogram volontè nou-an. Nou apresye moun a tout nivo abilite, e nou konsidere tout volontè nou reprezantan pou chanjman sosyal, lè yo founi tout kalite sèvi, de travay nan biwò, jiska edikasyon Kominotè, èd ak sipò piblik, entèvansyon Kalamite ak yon anvironman de sekirite pou for sivivan vyolans domestik, ak tout pitit-yo.

Genyen opònitite pou gwoup ak endividi pou travay kòm volontè. Yon klas entrenman sou konpetans prensipal de 30-è de tan, obligatwa pou tout moun ki ta renmen travay kòm volontè nan depatman sipò legal. Yon klas oryantasyon pou volontè de inèdtan, obligatwa pou tout volontè.

Si ou enterese a yon pòs volontè avek nou, tanpri telechaje pake fòm volontè-a sou sit entènèt nou-an. Tout moun ki vle travay kòm volontè, dwe ranpli yon fòm aplikasyon pou volontè, yon Akò pou konfidansyalite and yon fòm pou verifye antesedan jidisyè. Lè ou finn ranpli aplikasyon-yo, tanpri voye fòm-yo pa faks nan nimewò (305)693-2831 Atansyon: Kowòdinatè Volontè. Tanpri pèmèt yon semen pou verifikasyon antesedan jidisyè-a tounen. Lè sa-a nou pral kontakte-ou pou fè ou konnen dat oryantasyon pou volontè-yo.

Kounyeya nou ap angage nouvo Memb Konsèy! Si ou enterese a pòs memb konsèy la, tanpri kontakte Angela Diaz-Vidaillet nan (305) 693-1170 ext 235 oswa nan angelad@thelodgemiami.org..

Lis Opòtinite (PDF)


Fòm Rensèyman

Tanpri voye enfòmasyon kote pun ou kontakte-ou.

Non
Adrès Elektwonik E-mail
Nimewò Telefòn
 
Newsletter Signup