The Lodge
VriLogo

Crisis Line:
(305) 693-0232

To leave this website now: ESCAPE

Web Safety Notice

English|Español|Kreyol

Pwogram Don Kounye a
 

"I was able to be connected to invaluable resources such as housing, domestic violence relocation money, counseling, and an ongoing support group. They continued to help me occasionally one and a half years after moving out. I am now gainfully employed and grateful for their assistance in my time of need."

-- Laura, age 38

Chèltè pou Ijans

Lojman-an se yon etablisman modèn ki founi sèvis konplè pou viktim vyolans domestik ak agresyon seksyèl. Establisman-an genyen 40-kabann, kapasite pou 10-bèso, li founi refij pou entèvansyon kalamite, fanm ke yo bat, ansanm ak pitit-yo, lè yo an danje nan domisil-yo. Shètè-a ouvri 24è sou 24. 365 jou pa an, e li toujou preske ranpli nèt a kapasite.


Pwogram pou Timoun

Evaliyasyon Timoun: Evaliyasyon bezwen esansyèl timoun-yo., ak kolaborasyon pwogram-la, ansanm ak rekòmandasyon a ajans e resous si gen nesesite, enkli yon tès pou abi timoun, yon premye evaliyasyon ris ak planifikasyon pou sekirite.

Planifikasyon pou Sekirite: Nou founi timoun-yo yon plan pou sekirite konplè.

Gaderi pou Timoun: VRI bay asistans pou patisipan, ki ap travay, chèche travay oubyen ki enskri lekòl, ak sèvis gaderi pou timoun. Lè yoplase yon demann, depi gen fon lajan pou sa.

Pwogram pou timoun: Kan poutimoun panadan prentan, ete ak ivè, ansanm ak lòt aktivite ki konsantre sou empowerment and safety.

Sipò an Gwoup: Bon jan kalite sipò an gwoup disponib nan shèltè-a, pou timoun/lajenès ge laj 5-17 ki reside nan shèltè-a e ki ap resevwa sèvis kominotè. Sipò an gwoup-yo kreye espesyalman pou edikasyon ak abilite timoun ak adolesan-yo e se yon sèvis ken ou founi pa semèn.


Pwogram Kominotè

Sèvis èd kominotè-yo disponib pou viktim kipa enterese rantre nan yon shèltè. Anplwaye sèvis Kominotè plan sekirite-yo, planifye ak patisipan-yo, yo asiste-yo ak konsèy pratik, jestyon dosye ak sipò an gwoup. Anplwaye èd Kominotè-yo, bay fanm asistans nan kominote-a ak dokiman e papye legal yo gen pou yo ranpli, e ede yo ak papye entèdiksyon legal pou anpeche yonmoun pwoche bò kote yo. Anplwaye yo bay rekòmandasyon tou pou sèvis legal, sèvis pou anplwa ak pwogram pou jwenn lojman pou abite. Sesyon swuivi konsèy pratik ak rekòmandasyon pou sèvis disponib pou sa ki deja pase nan yon shèltè, e jis bezwen sipò adisyonèl. Anplwaye nou-yo non selman reprezante ou, men yo se yon sous pou sove-ou e yon zanmi. Travay-yo mennen-yo tou patou e andeyò konte Miami-Dade.

Klas pou Paran
Nou ofri klas pou paran chak semèn nan shèltè-a pou rezidans-yo, ansanm ak patisipan-yo. Sijè ken ou etidye-yo enkli men limite a kominikasyon, disiplin, konfyans nan tèt nou, ak klas pou paran ki ap leve timoun pou kont-yo. Klas pou paran-yo volontè e baze sou asistans ak Devlòpman pwòp abilite-ou.

Jestyon Dosye
JAnplwaye shèltè-yo ede ak estyon dosye-yo, pou pèmèt dirije yon evaliyassyon pou detèmine kisa yon moun bezwen, e pou devlope yon plan pou sèvis. Kowòdone bezwen pou sèvis ak swuivi. Jestyon Dosye dwe enkli yon plan ekri pou sekirite siyen pa klyan-an. Plan pou sèvis enkli planifye bi nan zafè legal, lojman kay e pwoblèm lajan.


Asistans legal pou Tribinal

VRI ede patisipan ranpli fòm pou entèdiksyon pwoche pou pwoteksyon patispan lè sa nesesè. Asistan legal-yo disponib pou akonpanye patisipan-yo nan tribinal, pou chita tande pou entèdiksyon pwoche, adiksyon ak chita tande krominèl e bayo sipò. Rekòmandasyon fèt pou sèvis legal, tankou Legal Aid, lè demann fèt.


S.T.A.M.P. – Etidyan ki Mete Tèt-yo Ansanm pou Enfliyanse Laprès Pozitivman

Lojman-an ap prepare li pou kòmanse pwogram S.T.A.M.P. la, ki se yon Pwogram pou Prevansyon Prensipal. S.T.A.M.P. pral kòmanse mwa Oktòb sila-a nan lekòl Cushman Middle School. Bi pwogram sila-a se pou anpeche vyolans domestik e fè pwomosyon pou bon relasyon pami timoun laj lekòl, e fè yo gen konesans vyolans a travè mwayen literè.
 
Lojman-an (The Lodge) ap angaje memb pou sèvi nan pati C.A.T. nou-an (Community Action Team) ki pral konpoze de memb pwogram parenaj lajenès, sistèm Lekòl Piblik Konte Dade, Lidè Kominote-a, Atis, reprezantan laprès ak designate pwofesyonèl pou ede ak devlòman pwogram-la. Si ou enterese fè pati de ekip C.A.T. nou-an, tanpri kontacte Monica Padilla nan (305-693-1170 ext. 231 oswa pa kourye elektwonik (email.).


F.R.E.E. – Asistans Finansye Pouvwa Ekonomik

Viktim Vyolans Domestik trè souvan, eseye plisyè fwa kite yon patnè ki ap abize-yo, e yo konn fòse tounnen pou rezon ekonomik. Abilite pou sipòte tèt-ou ekonomikman, se fè souvan diferans ant vyolans ak sekirite pou plisyè viktim. Reprezantan vyolans domestik-yo, dwe prepare yo pou adrese plisyè pwoblèm ekonomik ki afekte viktim, e yo dwe asiste viktim-yo ak opòtinite pou yo aprann kijan pou yo amelyore sitiyasyon ekonomik-yo. Pwoblèm tankou bidjè, vòl idantite, operasyon bankè, rapas ki prete lajan, vyolans nan travay, lojman kay, ak kredi, tout jwen yon wòl nan mete fin nan vyolans domestik.

Nan ane 2009 Lojman-an pral kòmanse anplwaye patisipan pou F.R.E.E. ki se yon pwogram ki pral dire 8 semèn, ken ou pral ofri 4 fwa pandan yon ane. Pwogram sila-a pral aprann patisipan-yo, prensip de baz, sou kijan pou jere dèt. Nou pral ofri pwogram F.R.E.E. –an, bay fanm ki viktim vyolans domestik e ki ap viv nan Lojman-an oubyen ki ap pasipe nan Pwogram Sèvis Kominotè Lojman-an. Siou ta renmen patisipe nan pwogram F.R.E.E-an, tanpri kontakte nou nan 305-693-0232.

 

Newsletter Signup