| Enfòmasyon sou Lojman-an Ebèjman-an. |
| Sèvis nou-yo |
| BOARD OF DIRECTORS |
| STAFF IN THE SPOTLIGHT |
| LEADERSHIP TEAM |
| Chèltè pou Ijans |
| Pwogram pou Timoun |
| Pwogram Kominotè |
| Asistans legal pou Tribinal | S.T.A.M.P. |
| F.R.E.E. |
|
![]() |
Crisis Line: |
|||||||||||||||||||
|
|||||||||||||||||||||
| Keksyon ke yo pose souvan (FAQ) | Don Kounye a | |||||||||
|
Kisa ki Vyolans Domestik? Vyolans domestik vlé di yon konpòtman abizan nan nenpòt ki relasyon koté yon patnè sèvi ak abi pou-l genyen oswa kenbé pouvwa ak kontwòl sou yon lòt patnè entim. Vyolans domestik ka prezante sou plisyè fòm, li ka fisik, seksyèl, emosyonèl, ekonomik, oswa pa aksyon sikolojik, oubyen menas aksyon ki enfliyanse yon lòt moun. Sa enkli nenpòt ki konpòtman ki entimide, manipile, imilye, izole, efawouche, teworize, fòse, menase, blame, blese, domaje, oswa fè yon moun mal. Abi Fisik: Abi Seksyèl: Abi Emosyonèl: Abi Ekonomik: Abi Sikolojik: Vyolans domestik ka rive tout moun, san rega pou ras, laj, oryantasyon seksyèl, relijyon, oswa sèks. Vyolans domestik afekte moun nan tout kalite milye, sosyete ekonomik ak nivo edikasyon. Vyolans domestik egziste nan tout relasyon, swa koup sèks opoze e nan koup menm sèks e sa rive nan koup entim ki marye, ki ap viv ansanm, oswa ki renmen. Vyolans domestik pa afekte sèlman moun ki ap sibi abi-an, li gen gwo efè enpòtan tou sou memb fanmi-an, zanmi, kolèg nan travay, ak lòt temwen ansanm ak tout kominòte-a. Timoun ki leve ak temwanyai vyolans domestik, pami moun ki afekte sevèman pa jan de krim sa-a. Ekspoze you timoun a vyolans nan domisil-li regilyèman, non sèlman predispoze timoun a plizyè pwoblèm sosyal e fisik, men yo aprann tou ke vyolans se yon Sous: Liy Èd Telefonik Nasyonal pou Vyolans Domestik (National Domestic Violence Hotline), Sant Nasyonal pou Viktim Krim, (National Center for Victims of Crime), ak (Dwa Fanm) WomensLaw.org. Ki sa Bat vle di? Bat se yon konpòtman ke yon moun itilize fòs pou entimide e kontwole yon lòt moun. Kilès ke yo bat? Pi gwo pousantaj moun ke yo bat "85% viktim vyolans domestik se fanm." (Biwo Lajistis Rezime sou Enfòmasyon Estatistik Krim, Vyolans patnè Entim (Bureau of Justice Statistics Crime Data Brief, Intimate Partner Violence, 1993-2001, Fevrye 2003.) Nan tout kilti, keseswa nan pwovens oubyen moun lavil, moun de tout kalite relijyon, nasyon, klas ekonomik ak nivo edikasyon, epi de tout laj, fòs e abilite fisik ak mòd de vi ka afekte pa vyolans domestik. Pa genyen yon kalite fanm an patikilye ke yo pral maltrete e bat – ris la se lè ou se yon fanm. Moun ke yo bat, kapab enkli mal gason; imigran ak fanm ki an refij; timoun; Endividi ki genyen yon andikap fisik, sikyatrik, fanm ki ansent, fanm ki aje; fanm ki viv nan andeyò; koup ak menm sèks; ak adolesan. Kijan Mwen kapab Ede? NIMEWÒ TELEFÒN ENPOTAN: Ijans: 911 Liy Èd Telefonik pou Vyolans Domestik: 1-800-500-1119 Victim Response, Inc./The Lodge (305) 693-1170 Sant Nòt Miami pou Viktim (305) 758-2546 Sant Sid Miami pou Viktim (305) 247-4249 Sant pou Tretman Vyol (305) 585-5185 Operatè Telefonik pou Miami (305) 358-4357 Women's Shelter of Hope (Shèltè Lespwa pou Fanm) (305) 888-5001 MUJER (305) 247-1388 E si mwen poko pare pou-m kite? Kijan yon Viktim Vyolans Domestik kapab jwen nou? • FCADV Sak pase si nou pa gen plas? Genyen plisyè endividi ki ap chèche chèltè, e pratikman pa genyen ase kabann disponib. Nan Lojman-an, nou toujou ofri yon lòt chwa. • Planifikasyon pou Sekirite toujou fèt pou tout moun ki rele liy èd telefonik la. Ki sa ki fèt apre yon sejou nan chèltè? • Èd Imanitè Dirèk Kijan mwen kapab edé? • Donasyon Eske ajans ou-an ofri entranman? EStatistik Ale nan paj Estatistik nou-an.
|
|
HOME | SERVICES | PROGRAMS | FAQ's | TRAINING | DONATIONS | VOLUNTEER | PRESS | EVENTS | NEWSLETTERS | RADIO ABOUT US | CONTACTS | EMPLOYMENT OPPORTUNITIES | STAFF IN THE SPOTLIGHT © 2009 Victim Response, Inc. ALL RIGHTS RESERVED. |