The Lodge
VriLogo

Crisis Line:
(305) 693-0232

To leave this website now: ESCAPE

Web Safety Notice

English|Español|Kreyol

Enfòmasyon sou Lojman-an Ebèjman-an Don Kounye a
 

" Sèl rézon ki fè ke-m té alé nan réfij la, sé paské mwen té vlé sové de abizè-m. Mewn té konprann ké sété yon shèltè kote mwen té kapab viv an kominoté. Mwen konnen ke'm paté gen chwa, mwen pa't kapab rétounen ak papa piti gason'm nan."

--Tonya, laj 29 an

Istwa

Victim Response, Inc. (Repons pou Viktim) (VRI) se yon organizasion ki pote Viktim Sekou, se yon sharite prive ki resevwa egzan taks anba seksyon kòd lwa seksyon 501(c) 3 (Depatman Enpo Enteryè ) Internal Revenue di 3ème Septamn, 2003. Fonksyon prensipal VRI-a se pou founi sèvis keseswa dirèkteman oswa endirekteman bay viktim vyolans domestik, vyòl ak agresyon seksyèl, ansanm ak viktim lòt kalite krim.

Le 14 Me, 2004 VRI ouvri pòt Lojman-an "The Lodge", yon shèltè pou viktim vyolans domestik, vyol ak agresyon seksyèl nan Konte Miami Dade. Lojman-an, se yon sant prive pou vyolans domestik ki finanse ak fon lajan piblik. Li reprezante sa pwochen generasyon-an ka akonpli lè sektè prive-a, ak sektè piblik la mete tèt yon ansanm pou adrese pwoblèm kominote-a.

Kounyeya,resous lajan prensipal Lojman-an, se Komité Siveyans Vyolans Domestik KontéMiami Dade ak fon lajan taks Food & Beverage Tax (Taks Manje ak bweson). Adrès lokal Lojman-an konfidansyèl, pou pèmèt nou kenbé klyan nou-yo ki ap chèché réfij dé vyolans an sékirite.

Nou founi Sèvis san nou pa gade sou koulè, sèks, relijyon, laj, enfimite, ras, orijin nasyonal, ras, lang ou pale, oswa oryantasyon seksyèl.

Détay Etablisman-an

Viktim ki vini nan Lojman-an gen aksè a anplasman sa-yo:

  • 40 Kabann
  • 10 Bèso
  • 9 Chanm a Kouche
  • 3 Kizinn
  • 2 Chanm pou Lesiv
  • Lakou ak yon téren pou timoun jwe
  • Téren ak panyé baskètbòl
  • Sal pou jwé
  • Sal pou Timoun Adolésan
  • Salon pou Gwoup
  • Salon pou Asanblé

 

Newsletter Signup